Moun pa pale kreyòl sou moun.
Yo pa dwe di sa ki ap vini
Paske bouch yo paka pwononse fiti.
Yo pa dwe pale kreyòl devan timoun,
Si nou pa vle pèdi tifi
Nan janm ti gason tèt yo pati
Lè yo tande souf ti bouboun.
Sant bouch ak kreyòl soti
Frape ekselans ak egri
San patipri pou gwo zouzoun.
Kreyòl se pa pou moun ekri
Paske li pa yon langn moun li
Eksepte pou chante Choukoun.
Se kilti a ki fè pwezi
Nan langn fransè nou san mezi
Tankou tèt dyòl ki ap souse foufoun,
Vye ti machann magi
Ki gen bon gou sapoti
Nan fènwa magwouye magwouy moun.
Foufoun de pye anlè, tèt chouchoun.
Ou pa dwe pale kreyòl sou moun (non)
Si ou pa vle mouri pann.
Si ou ap di pawòl sou yon moun,
Klète kreyòl ka fè ou vann.
Paske lè Kreyòl pale, kreyòl konprann.
- Stanley Baptiste (Pousyè Dore)