Genyen yon zongn ki kankan ou.
Chak ou pike kwanna
Genyen yon langn ki kenken ou.
Nou mennen moun ki bo yo
Lòt bò yon rivyè ki san dlo.
Sa ki sou se moun ki lou.
Sa ki fou se moun ki mou.
Koukou mennen tèt li nan tou
Paske li pa vle moun di li fou.
An nou bwè pou tèt nou legè
Devan kesyon wounouwounou.
Mwen di: gen yon zongn ki kankan ou,
Yon langn ki kenken ou
Paske nou kannannan, nou san manman,
moun pran nan zen
Kleren ki fè nou bliye kesyon,
Men li pa bay nou repons.
Ou pa santi pikan zongn nan tchik tchik
Nan kwannan ou,
Frekan langn nan bla bla tla
Anndan kan ou. Apre somèy, men pwoblèm yo
Ap mande solisyon;
Ou bwè Ankò.
Stanley (Pousyè Dore)
M'ekri moso sa a, pandan map bwè.
Gade bote 'kreyol pale, kreyol...' ladan li.