Thursday, July 31, 2014

Yon Ti Istwa (Mwen Pa Janm Sezi Konsa)

Yon Ti Istwa (Mwen Pa Janm Sezi Konsa)

Mwen leve maten an

De pye-m anfle, pat mwen fini.
M' gade nan miwa, mwen sote:
Sou figi mwen ki sanble mò-an-vakans.
Mwen pran lari a konsa
Pou-m al chache bous mwen ki te pèdi yèswa.
Yon motosiklèt pèdi direksyon,
Li pase sou pye goch mwen;
Ak pye anfle a, m' pa menm gentan kouri!
Mwen rive na ba a, mwen paka jwenn bous la.
Sou lòt bò lari a, je-m tonbe sou Rosie.
Li gade mwen li souri.

Tounè boule-m... Jounen an byen kòmanse.


~Stanley Pousyè Dore

Grangou pa mizo

Grangou pa mizo
Men nonm nan resiye li;
Nenpòt jan sa pase, li pap revandike.
Alarive. L' ap kilbite deyè alarive;
Li fè vi li ap fè lago.
Granmoun tounen timoun,
Y'ap fè sak' fini anvan ede lòt.
Sikonstans toufe fyète,
Figi nèg tounen kwi pòv kwabosal.
Nèg ak mizè tankou timoun menm lakou;
Pousyè, fatra tankou papye jwèt kalòt,
Dimanch aprè-midi degize ak souvètman viris,
Tout moun ap woule yon pajewo anbarasman.
Epoutan-
Grangou pa mizo;
Grangou pa chèn;
Nonm nan gentan resiye li.


~Stanley Pousyè Dore

Granmoun

Granmoun
Moun fou
Plezi
Desizyon
Tankou sous ki pete kote li vle
Chak moun gen yon reyalite
Menmsi tout nan menm aktyalite

Zandolit kou lòt bèt yo
Toutouni
Yo pa konn tèt yo
Zannimo kouri ak libète
Yon kochon raboure
Bèf bay lemond tete
Poul bay ze san fòse
Pami tout vivan yo
Se sèl lèzòm ki ap brete
Menm bliye sa li dwe ye

~Stanley Pousyè Dore

Wednesday, July 30, 2014

Granmoun bò lakay tate timoun chofe

Granmoun bò lakay tate timoun chofe
Tankou poul ki ap kondase
Kwèk-kwèk-kwè-dè
Kwèk-kwèk-kwè-dè
Ak dwèt madichon yo

Timoun bò lakay veye granmoun
Yon je fèmen, yon je ouvè
Pafwa nan tou pòt an tou klisad
Yo wè definisyon sisway

Yon sèl chanm kay
Yon fenèt gwo gòchèt
Ki ap tranble lè granmoun tire manchèt
Kijan pou nou pa konnen lalyèt satiyèt?
Teke kote ki pi dous la tèk tèk
Souke ayayay ayayay anba pay
Anba kabann, anba chal
Timoun yo pèdi bonè

Nan chache plezi nan sa nou wè
Pafwa nan sa nou tande
Gwo vant ak vant mare tonbe
Pwòblèm ki mande ponmpèz
Pou yon nouvo timoun oubyen nou menn pa malè

-Stanley Pousyè Dore

Thursday, July 10, 2014

Pete

Pete yon blad
Pete yon boul
Eklate yon kawotchyou
Pete yon mi
Pete filè tifi
Pete pòt kouri
Pete an kachèt
Pete sou grandèt
Pete chit pete bwèt
Malgre tou sa a, nou pete ak revè
Tankou moun ki krache anlè
E lèzòm plis fè granfrè pete
Sou salon lòt moun k'ap reve