Tout moun pa wè etwal lajounen;
Se avèg ki wè lwen.
Lanmou ou mechan
Enpasyan,
Mwen bouke dòmi san ou.
Lanmou se pa filozofi;
Tout sa mwen kwè se ou.
Si mwen te avèg, fòk ou ta kè mwen.
Si mwen te likid, fòk ou ta vèso mwen.
Kòm yo di lanmou avèg epi mwen wè ou,
Li lojik si mwen rele ou etwal.
Lanmou se matematik,
Mwen menm avèk ou se youn.