Mwen anvi voye tè
Nan je ou, kache, fè ou pè.
Nan je mwen pou ou wè lè;
Gade segond ap fè ou gè;
Paske mwen te mèg lè mwen te kite ou.
Mwen anvi leve rad ou
Pou m gade katye grad ou,
Fouye dwèt, goute nap ou.
Paske lontan, anyen pat kamarad ou.
Lè mwen desann avyon an,
Lage tye ou nan van an
Pou pousyè di mwen onè zanti,
Kè mwen repon respè janti.
O! Ayiti ou se fanm yo tate kouri
Yo di ou bay fasil, voye rapid
Sant mango anban nannan ou,
Flèch kann, flè machann aleken,
Mèch fanm limen, jouda madan vwazen,
Ak sant lwil boukannen fè tete ou
Yo fè tele rèv mwen.
Mwen anvi ou.
No comments:
Post a Comment