Saturday, February 22, 2014

Ayiti

Peyi  
Vwazin vicieuse 
Fanm capricieuse 
Gason menteur 

 tambou 
Souf radio 
Ak pye poussiere 

Je telescope 
Zòrèy jako 
Ak dwèt pèpè 

Trip Map Trip Ayiti 

Pafwa m rete m ekri bagay sa yo, 
M pa konn si yo pwezi si yo betiz; 
Men mwen konnen mo yo pentire 
Bagay anpil moun lakay ap viv; 
Se sak  m pa panse ak gramè tou.

BaSha L 2Zanj

Fòk Ou Pa Bliye

Fòk ou pa bliye mond lan egziste. 
Fòk ou pa bliye pil moun ki egziste; 
Chak gen yon istwachak gen yon mevèy. 
 ou ap mache ou pile yon fèy, 
Se pa atè a li te toujou ye.  
Se presans oubyen absans yon fòs 
Ki te deploge li nan yon pye. 
Van an vire li tankou yon elis san fòs 
Pandan fòs latè ap  li tonbe. 
Fòk ou pa bliye 
Ki jan li te  bèbèl 
Anvan li rive sou rout pye ou 

Fòk ou pa bliye konbyen moun ou renmen 
Ou pa janm aproche 
Fòk ou pa bliye 
Ou antoure ak plis lanmou ke rayiman; 
Paske pye bwa yo pa ka rayiEpi 
Entèdepandans  ni bèt ni moun bezwen ou 
Fòk ou pa bliye tou  
Menmsi ou ta ap reve sa ki antoure ou yo 
Ou menm ou egziste kanmèm.

BaSha L 2Zanj