Fòk ou pa bliye mond lan egziste.
Fòk ou pa bliye pil moun ki egziste;
Chak gen yon istwa, chak gen yon mevèy.
Lè ou ap mache ou pile yon fèy,
Se pa atè a li te toujou ye.
Se presans oubyen absans yon fòs
Ki te deploge li nan yon pye.
Van an vire li tankou yon elis san fòs
Pandan fòs latè ap fè li tonbe.
Fòk ou pa bliye
Ki jan li te fè bèbèl
Anvan li rive sou rout pye ou.
Fòk ou pa bliye konbyen moun ou renmen
Ou pa janm aproche.
Fòk ou pa bliye
Ou antoure ak plis lanmou ke rayiman;
Paske pye bwa yo pa ka rayi. Epi
Entèdepandans fè ni bèt ni moun bezwen ou.
Fòk ou pa bliye tou
Menmsi ou ta ap reve sa ki antoure ou yo
Ou menm ou egziste kanmèm.
BaSha L 2Zanj
No comments:
Post a Comment